Yap avize ke jou madi 2 me 2017, pandan yon reyinyon ki pral fèt vè 9:30 nan maten nan Sal Komisyon Konte Miami-Dade(BCC) a, ki nan dezyèm etaj 111 NW 1st Street, Miami, Florid la , Komite Transpòtasyon ak Travo Piblik ki fè pati BCC a pral diskite Odyans Piblik sa-a:  

KONTE MIAMI-DADE (KONTE-A) PWOPOZE ANTRE NAN YON AKO ENTELOKAL (AKO) AK VIL SID MIAMI (VIL) POU BAY SEVIS TRANSPO PIBLIK, PAKOU KI PWOPOZE A AP ADMINISRE PA VIL LA, POU DESEVI PLIZIE ANDWA KOTE ANPIL MOUN ALE, TANKOU MACK CYCLE KI ANFAS LAKOMIN VIL LA, LARKIN HOSPITAL, LAPOS, MURRAY PARK AQUATIC CENTER, MAGAZEN NAN SUNSET PLACE YO AK FAMASY CVS. 

 

Yo envite tout pati ki enterese yo vin asiste reyinyon Komite a ak fè kòmantè sou rezolisyon ki pwopoze a. Pati ki enterese yo ka soumèt oralman oswa alekri nenpòt prèv oswa rekòmandasyon yo genyen sou pwofè a. 

 

Yon moun ki deside fè apèl kon nenpòt desyzyon ki fèt pa nenpòt asanble, ajans, oswa komisyon konsènan nenpòt sijè ki e diskite nan reinyon oswa odyans ki te fèt ap bezwen onn dosye sou tout pwosedi yo Moun sila ka bezwen asire ke gen yon dosye motamo pwosedi yo, tankou temwajyaj ak prèv sou ki apèl la baze. 

Konte Miami-dade bay aksè ak opòtinite egal nan travay epi li pa fè diskriminason baze sou enfimite nan pwogram oswa sèvisli yo. Fòm sa a disponib sou demann nan fòma aksesib ( kasèt pou tande, Bry oswa disk konpit`e).  Gen òt èd ak sèvis pou kominikasyon ki disponib avèk avi davans Pou materyèl nan fòma altènarif, on entèprèt nan lang sliy, oswa lòt aranjman, tanpri kontakte Marcos Ortega  at (786)469-5225. Kliyan TDD yo, tanpri rele Florida relay Service 2 (800)955-8771) 0mwen send (5) jou davans.