RDNP ap viv ak gwo tristès mele ak enkyetid degrenngolad peyi a depi kèk tan : gang ap pran teritwa chak jou pi plis- goud la tounen zòrèy bourik- masak nan katye popilè- kadejak espektakilè sou jèn fanm- kòripsyon nan tout kò sosyete a- jenès la pèdi lespwa- polisye ap tonbe anba bal tribò babò- mizè mete sosyete a pi ba ke lagraba- peyi a tankou yon bato san gouvènay
Otorite yo sanble rete san okenn sansibilite, silans yo ak mannyè yo rete 2 bwa kwaze ta fè konprann tout bagay ap mache nan peyi a alòske nan reyalite a sitwayen yo ap viv san yo pa konn sa demen ap pote
RDNP konstate depi nan dat 9 jen 2019 la, sitiyasyon peyi a ap vin pi grav, vyolans ap vin pi grav chak jou. Anpil moun viktim nan kò yo, nan lespri yo ak nan byen yo. RDNP prezante senpatil bay tout viktim yo, li koubel byen ba devan kadav tout konpatriyòt ki tonbe espesyalman jounalis PETION Rospide. Li prezante senpatil bay tout sektè nan laprès la ak tout medya ki viktim nan dènye tan sa yo
RDNP byen tande rèl anpil sektè nan peyi a kap mande yon divòs ak pratik kòripsyon, vòlè nan peyi a
RDNP kwè san pwosè petwo karibe a, peyi a pap rejwenn estabilite ak trankilite ki nesesè pou avansmanl ak pwogrè. Li pran nòt de dènye rapò lakou siperyè dè kont lan, RDNP ap tan debè yo
Anpil vwa ap leve pou mande Prezidan Jovenel MOISE demisyone epi poul metel a dispozisyon lajistis
Sityasyon sa sòti nan yon politik enpwovizasyon ki pa bay rezilta. Yon politik ki chita sou kontradiksyon ant moun ki toujou ap pwofite de sistèm peze souse a, kit se anndan, kit se andeyò leta. Yon politik ki mete sou kote klas mwayèn yo ak mas ki pi pòv yo. Sityasyon sa se yon kriz konfyans akòz twòp manti mete sou move jesyon dosye petwo karibe a, ki se yon krim kont pèp ayisyen an
RDNP konstate enstitisyon leta yo fin kraze. Palman an la se pou privilèj sèlman, jistis la sou branka, pa gen gouvènman, pa gen bidgè, pa gen kòb, grangou, mizè, lavi chè ap vale teren.
Se pa ni RDNP, ni okenn pati ak sektè degrennen ki ka bay solisyon nan kriz otpòt (san parèy) sa. Solisyon an pa nan vyolans, radikalizasyon pozisyon ni a dwat ni a gòch se angrè pou foure peyi an pi fon nan twou, pou RDNP solisyon an dwe sòti nan konsètasyon ant tout moun pou evite nou kontinye lonje chènn divizyon an.
RDNP kwè moman sa pa moman pou mete ògèy ak awogans devan, Moman rive poun repanse, refè peyi a. Poun kanpe peyi a, okenn sakrifis pap janm twòp.
RDNP lanse yon apèl ak legliz yo, vodouyizan yo, sektè politik yo, sektè prive a, gwoup sosyo pwofesyonèl yo, sendika yo, asosyasyon sosyete sivil yo, gwoupman peyizan ak plantè yo, ekriven yo, save yo,asosyasyon jounalis yo. Li mande yo ankouraje epi patisipe nan yon demach konsètasyon pou pwopoze yon solisyon ayisyen, pou kriz sa, kap depafini ak tout pitit peyi a.
RDNP pwopoze pou gwoupman ekriven ak ekrivèn yo, asosyasyon medya yo ak jounalis yo, asosyasyon fanm yo, asosyasyon peyizan yo ak sektè sendikal la ta delege yo chak yon reprezantan, nan yon komite inisyativ kap gen pou wòl defini fason pou òganize ak envite nan yon delè tou kout, tout fòs politik yo, fòs ekonomik yo, fòs sosyal yo, legliz yo, jèn ki nan diferan mouvman ‘’Petro Chalenge’’ lan ak inivèsite yo nan yon gwo woumble sou lavni peyi a
RDNP pwopoze pou mete a dispozisyon komite sa, nan mezi li kapab, mwayen pou pèmèt li komanse travay prese, prese san okenn, okenn enflyans.
Pou inisyativ sa ka vrèman demare, RDNP bay Sekretè jeneral li : Eric JEAN BAPTISTE, manda poul kòmanse fè demach, rankontre gwoup ak òganizasyon sa yo, pou diskite sou pi bon mannyè yo kapab rive mete sou pye komite inisyativ sa, kap genyen pou òganize premye chita tande ant ayisyen san entèferans.
RDNP di tout ayisyen nou kapab nan konsètasyon san konpwomisyon, pasifikman, bati yon pi bon demen pou chak grenn pitit peyi a.
Ensemble, ensemble, ensemble jusqu’à la victoire finale
Ann mete Men poun pran desten nou an Men !
________________________________
Eric JEAN BAPTISTE
Sekretè jeneral RDNP