Rektora Inivèsite Leta d Ayiti / Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an Mèkredi 12 desanm 2012 Rektora Inivèsite Leta d Ayiti ak Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an kontan anpil wè Sena Repiblik la vote Lwa sou fonksyònman ak òganizasyon Akademi kreyòl Ayisyen an. Komite a pran plezi anonse popilasyon an gwo nouvèl sa a : Akademi Kreyòl Ayisyen an jwenn vòt Sena a nan seyans lendi 10 desanm 2012 la, jan Konstitisyon 1987 la mande sa nan atik 213 li. Chapo ba pou palmantè yo nan Sena Repiblik la ! Vòt sa a, se yon kokenn bourad Akademi Kreyòl la jwenn pou li vanse sou chimen li. Se yon gwo pas dlo nou janbe. Kounye a, se tou pa Chanm Depite a ki pral jwe wòl pa li pou Akademi Kreyòl Ayisyen an jwenn tit legal li pou li fonksyone kòmsadwa. Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an remèsye tout Senatè yo, espesyalman Senatè Jean William JEANTY ki te ede kolèg li yo konprann enpòtans pwojè lwa a jis li rive jwenn vòt pozitif nan seyans 10 desanm nan, ak Senatè Dieuseul Simon DESRAS ki sipòte komite a nan demach sa a. Pou komite a, ……………………. …………………… …………………… …………………… Fritz DESHOMMES Rogeda D. DORCIL Sony ESTEUS Pauris Jean BAPTISTE Vis-Rektora Rechèch Dwayen Fakilte Sosyete Animasyon Lengwis Inivèsite Leta d Ayiti, Lengwistik Aplike Kominikasyon Sosyal Sektè pwotestan ………………………………… …………………………………… Max BEAUVOIR Jean Pierre Zemba Way Konfederasyon Nasyonal Jounal Bon Nouvèl Vodouyizan Ayisyen