KOMINIKE

Depi aprè piblikasyon rezilta premye tou eleksyon yo, yon van entimidasyon ap soufle sou tèt patizan ak kandida INITE yo, espesyalman sou tèt kandida alaprezidans INITE a.

Pandan 4 jou, soti 7 desanm pou rive 11 desanm, patizan INITE nan Pòtoprens, nan Okay ak nan divès lòt kote nan peyi a, te viktim anba zak kraze brize, dechoukay, piyay, e latriye…

Lokal INITE boule, kay patizan INITE boule, biznis patizan INITE boule. Oganizasyon dwa moun, sektè prive, anbasad, yo tout rete bèbè.

Etan l pa respekte ni lwa elektoral nou an, ni pwòp manda pa l, Misyon OEA soti yon rezilta apati de yon travay teknik ki chita sou yon ti moso nan vòt pèp la; li travay sou 8 pou 100 pwosevebal yo ki reprezante 16 pou 100 sou total kantite moun ki t al vote yo.

Akote tout lòt entimidasyon, yon pati nan kominote entènasyonal la menase tou pou mete anbago sou do pèp la ki deja anba gwo soufrans. Yo menase pou yo koupe tout èd.

INITE konprann jwèt la trè byen. E sa k ap pase jodi a, li pase plizyè fwa deja nan peyi a. Solisyon kolepyese sa yo pa janm bay rezilta.
Nan liy politik stabilite ki se mak fabrik manda Prezidan Preval la e paske INITE pa vle pou soufrans pèp la vin ogmante pi plis toujou, nou chwazi pou nou pa pran nan pwovokasyon kominote entènasyonal la osijè eleksyon yo.

Sepoutètsa, menmsi nou si, menmsi nou sèten Jude Célestin fè kantite vwa ki nesesè e l pase pou l al nan dezyèm tou, INITE dakò pou li retire kò l kòm kandida ala prezidans.

Nou remèsye Jude ki te konprann sitiyasyon an, menmsi ni li menm ni nou menm nou pa dakò ak fason bagay yo fèt la.

Nou mande pou tout koòdinasyon INITE, tout manm ak tout patizan INITE, tout pèp ayisyen an, pou yo gade kalm yo e pou yo rete mobilize. N ap kontinye batay pou nou asire viktwa kandida senatè INITE yo, viktwa kandida depite INITE yo, nan dezyèm tou eleksyon ki gen pou fèt la.
Batay politik la fèk kòmanse.

Potoprens, 25 Janvye 2011