NORD OUEST
Enstalasyon Madanm Wideline Pierre Nan Tèt Biwo Depatmantal Anviwonman An.
TRIBOLAND
Wanament, Ayiti Vendredi 3 jen 2022 a , se an prezans plizyè senpatizan, zanmi alye, Madanm Wideline Pierre arive enstale nan tèt biwo anviwonmantal depatman Nòdès la.

Enjenyè Wideline Pierre ki te ansyen adjwen nan biwo anviwònman nan Wanament, pran promosyon monte kòm alatèt bwàt enstitisyonèl kap jere kesyon anviwònman. Se yon chanjman ki fèt aprè anpil tan mesye Serge Jean Louis fè nan tèt strikti sila jiskas ke li pran egalman promosyon nan pi wo nivo.

Li enpòtan pou sinyale, nan jou sa yo depatman Nòdès la konnen yon pakèt latriye promosyon sou promosyon; pami yo ou jwen: Lesy Theogene, Madam Wideline Pierre pou site sa yo sèlman.

Jn Simon Manex, TRiboLAND