Triboland
Menm jan Pap Francois te lave pye pwizonye nan jounen komemorasyon lanmò Jezi Kris sou madoulè kwà a nan penitansye Civitavecchia, nan vil Ròm; se te menm kad figi a avèk Evèk Dyosèz Ansavo a, Monsenyè Pierre André Dumas yè jedi a.


Lidè apostolik la tef è tout sa ki te nan sajès li pou li te non sèlman vizite pwizon Ansavo a, men lave e bobo pye pwizonye kab subi move tretman nan sant kaseral la.
Se yon jès ki fwàpe fò nan sosyete ayisyèn nan, sitou nan fason moun ap dezumanize kretyen vivan parèy yo nan tan sa. Konsa, Monsenyè Dumas pa vle ap pweche san pwatike, ankouraje tout fidèl katolik yo fè yon jès damou ak dapwesyasyon anvè sa yo ki pòv, ki tòchone, blaze, enkasere ou abandone.
Pou Evèk la, se pwemye bagay peyi Dayiti bezwen nan moman sa : valorizasyon lavi ou moun atravè yon seri jès damou, apwesyasyon, konpasyon, admirasyon pou sa yo lòt moun dezumanizze.
Nap raple, Pap Francois ap pwatike lave pye pwizonye kòm yon jès imilite ki karakterize ministè li.