Pati RASIN Kan Pèp La lanse yon apèl pou yon mobilizasyon nasyonal, pou raple Jovnèl Moyiz manda l ap bout 7 fevriye 2021, jan atik 134-2 konstitisyon amande a ak atik 239 dekrè lwa elektoral 2015 lan di sa.



Nou mande tout manm Pati RASIN Kan Pèp La ki nan 10 depatman peyi a, pote kole nan 2 jounen grèv jeneral sendida yo lanse, lendi 1e ak madi 2 fevriye k ap vini la yo. Konsa tou, Pati a mande pou popilasyon nan 10 depatman peyi a, obsève 2 jounen grèv jeneral yo epi patisipe pou pèmèt yo reyisi, kòm yon premye manch nan dènye batay pou anpeche peyi a retounen nan yon lòt diktati. Mobilizasyon an dwe kontinye san rete jis lè se travayè, mas popilè yo ak yon pwojè transfòmasyon revolisyonè ki pran gouvènay peyi a.

Nan okazyon apèl pou mobilizasyon nasyonal sa a, Pati RASIN Kan Pèp La vin fè Jovnèl konnen: Mèt peyi d Ayiti a rele pèp Ayisyen.