FANTÔM 509: *Not pou la près*

A: *Pèp Ayisyen an*

*Sa ki Gen zòrèy pou tande, tande*

 

Nou koube nou byen ba pou nou remèsye pèp Ayisyen an ki te toujou akonpanye nou nan batay pou liberasyon *Jn pascal alexandre* Lan.

Mèsi a tout *militan*, *elèv* *lekòl ak etidyan nan tout fakilte leta yo, chofè moto, Ti machan , profesè, avoka , ak tout jonalis yo*.

*Nou koube nou byen ba devan laprès ayisyèn nan an jeneral ki toujou la pou nou, chak tan papa baron fè apèl ak nou pou nou vin defann vivan yo, donk vivan yo remèsye nou pou gran travay nap fè nan peyi a, kenbe la, chapo ba pou nou*

Jodya nou vle tout moun konnen ke batay pou liberasyon *PNH* la ak pèp ayisyen an ap kontinye.

*nou mande prese prese*
reyentegrasyon *Abelson Gros Nègre, Porte Parole SPNH-17 la*
,
*50.000* gds salè
*25.000* gds sou tikat
Bon Jan asurans sante pou vivan yo
Bon jan kondisyon de travay pou vivan yo

Nap mande tan pou tout polisye vivan yo al lekol
Pèp la rele nou deja pou nou al defann koz yo se papa baron ki poko ba nou lod pou nal fè revandikasyon pèp la pase

Nou semante *7fois 77 fwa fok sa chanje ni pou polisye vivan ni pou pèp ayisyen an e jou yo pa lwen rive
Nap avize tout moun yon lot fwa ankò ke nap vizite tout vivan et vin batay pou entère nou tout

NB: *wo eta majò lapolis depi yo polisye pa nan gang, li pa nan fè abi, li pa nan fè anyen ki andeyò lalwa depi nou manyen yo papa baron ap bay fantom yo lòd pou vin vanje pou yo*